Aljeri: Pwezidan demisyonè Abdelaziz Bouteflika mande tout Aljeryen padon

0 295

AALJERI__(Triboland) “Map kite arena politik la san chagren san krent pou aveni peyi nou-an e mwen mande nou pou mete tèt nou ansanm e pa pwan chans divize se deklarasyon m. Bouteflika nan yon lèt tou louvri li adrese a tout frè ak sè aljeryen yo.

“Mwen pa kapab fini ak pakou politik mwen san pou mwen pa ta adrese nou yon dènye mesaj e mwen mande nou tout ki pitit peyi-a padon e se ta manke a devwa mwen poum pa ta eksprime amou pwofon ke mwen genyen poum sèvi tout Aljeryen”, se sa ansyen pwezidan an ra pouswib pou-l di pandan ke li konsidere tèt li koulya kòm senp sitwayen.

Nan tèt gouvènans Leta-a pandan 20 lane, pi plis ke nenpòt ki lòt pwedesesè li, Mesye Bouteflika felisite tèt li pou apò li ak kontribisyon li nan tout bèl bagay peyi Aljeri reyalize pandan 21inyèm syèk sa-a; sitou gwo pwogrè ki reyalize nan tout domènn anfavè pèp aljeri-a.

“Mwen te konsakre 20 lane poum te sèvi-w, e mwen pwan BonDye pou temwen mwen e li kapab temwanye senserite mwen ak onètete mwen”, selon Mesye Bouteflika ki kwè ke gen anpil nan aksyon gouvènman li yo ki byen ateri, konsa tou gen lòt ki mwen ateri. Antouka, antan ke lòm, nou toujou ta renmen wè tout bagay pafè”.

Ki donk, lòm kapab toujou fè er; mwen mande nou padon pou tout sa mwen fè nou ak tout sa mwen di nou. Kòm etandone, ke tout bagay toujou genyen yon fen, mwen di nou orevwa menm lè li pa fasil poum ta eksprime sensirite tout santiman mwen yo”, se sa chèf Leta demisyone-a te kontinye pou-l di.

App wan anpil sekous kontestasyon ak mal makak politik ak fas kare lame-a nan dènye jou say o, Mesye Bouteflika oblije bay demisyon li Madi swa.

Leave A Reply