Lycée Louis Joseph Janvier (LLJJ) nan Janrabèl : Pwomosyon “Pèspikas” pran gwo inisyativ netwayaj nan espas la enstitisyon an

283
0
Share:
TRiboLAND

01/18/2026

Janrabèl, Ayiti _____(TRiboLAND) Jounen samdi 17 janvye 2026, elèv nan pwomosyon “Pèspikas” nan Lycée Louis Joseph Janvier (LLJJ) nan Janrabèl, bay yon bèl leson angajman ak aksyon sitwayèn, lè yo deside òganize yon gwo aktivite netwayaj ak kout bale nan lakou lekòl la.

Depi nan maten, jèn yo te mobilize pou mete men ansanm pou rann espas lekòl la pi pwòp, pi agreyab epi plis adapte ak anviwònman aprantisaj la. Avèk kout bale, ranmasaj fatra ak netwayaj jeneral, yo rive transfòme vizaj lakou a, sa ki fè anpil moun salye inisyativ la.

Aksyon sa a tradwi volonte elèv yo pou pran responsablite nan pwoteksyon anviwònman kote y ap meble lespri yo, pandan y ap ranfòse lespri solidarite ak travay an ekip nan mitan yo. Inisyativ la montre klèman ke jèn “Pèspikas” yo konprann valè disiplin, pwòpte ak angajman kominotè.

Share:

Leave a reply