Yon gwoup gang anlve Depite Fritz Chéry ak plizyè lòt moun ke yo libere apwè kèk èdtan

356

Pòtopwens__(TRiboLAND)  Dapwè yon sous ki pwòch Lapolis, plizyè gwoup gang ame kap opera nan Savien detounen divès kamyon machandiz maten jodi 26 Novanm lan. Paralèlman, menm kolònn bandi sa yo te poze lapat sou plizyè lòt moun nan Kafou Pèye, Pon Sonde; pami yo ou jwen Depite Gwomònn nan Fritz Chéry ki te nan machinn li ak plizyè manm pati Ayiti An Aksyon (AAA).

Kèlke èdtan apwè anlèvman an, enfòmasyon ta pwal konfime  ke Depite Chéry ansanm ak lòt sitwayen yo te jwenn liberasyon yo men vid apwè yo te akapare tout sa yo te posede oubyen genyen sou yo.

Comments are closed.