Petion-ville: Yon gwoup gang desann yon lòt fwa ankò yon Enspektè Polis

0 304

Ayè Dimanch lan, yon lòt kadav ajoute ankò nan lis polis kap tonbe anba zam gwoup gang ame nan peyi-a, patikilyèman nan capital-la Pòtopwens: Enspèktè Alix René alyas Techeno ki jwenn lanmò li nan zònn Sent Terèz, Petionville.

Enspektè polis Alix ki te soti nan yon reyinyon nan lekòl Guatemala e te pwofite achte yon pap padab alòske plizyè bandi te deja pozisyone yo pou krible ak katouch pa dèyè do, selon Chimène yon sè enspektè polis la.

Konsa, zònn Juvenat nan Petionville te reyèlman leve kanpe wòch, baton e mete barikad anflame yon fason pou eksprime foustrasyon yo sou lanmò asasinaj Techno ki se chouchou e 2 je nan tèt yo. Selon pwotestè yo, Techeno se te yon Papa pou zònn nan, e li te konn bay gwoup atoufè gang ki vle achte zònn nan lajan kontan.

Konsa, aktivite gang ke plisyè Depite ak Senatè toupwisan ta sanble ap sipòte koutinye ap terorize nasyon ayisyènn nan ki chak jou ap konte kadav.

credit photo: whudat.com

Leave A Reply