Pwotestasyon kont Ajan Egzekitif Enterimè vil Pòdpè a, Josué Alusma

213

01/26/21

Pòdpè______(TRiboLAND) Madi ki te 26 janvye 202, byen bone nan maten kawoutchou t’ap boule nan vil Pòdpè. Yon bon vale nan popilasyon an te ankòlè e yo t’ap pwoteste kont Ajan Egzekitif Enterimè vil Pòdpè a, Msye Josué Alusma yo di san avètisman, kraze answit bwile rapyetè tout bak kenkay timachann ou biznisman k’ap bouske lavi rapyese sou plas Katedral Pòdpè a.

Bridsoukou, pwotestatè viktim yo pat pran tan pou lanse yon manifestasyon pap padap e pasifik yon fason pou pwoteste devan Meri Pòdpè a e rele “ABA Alusma”. Yo te adrese dirèkteman avèk ansyen majistra komin Pòdpè a, ki aktwèlman Ajan Egzekitif Enterimè, Josué Alusma. Yo akize ansyen majistra kontwovèse a kòm kwà li te akonpanye yon dividal bandi ki abitye fè prizon deja nan pwodui zak malonèt.

 
Pwotestatè viktim sa yo pwomèt pou yo reprann beton an nan yo tan pa twò lontan si tout fwa Ajan Egzekitif Enterimè a, Msye Josué Alusma pa reponn ak revandikasyon yo ki se: “Jistis ak Reparasyon”, pou ti demele yo ki pèdi.

Li enpòtan pou n raple, Lameri Pòdpè tanmen koukouwouj dèyè tout moun k’ap alimante mache tribò pabò anndan site Kapwà Lamò a, yon seri dispozitif ki antre nan kad preparasyon Festivite Kanaval Nasyonal la nan Pòdpè. Anpil moun estime degèpisman fenomèn bidonvil sa ki anvayi tout plas piblik yo nan vil la,  te dwe dwe gen tan fèt lontan deja avèk anpil rigè.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.