Operasyon lapolis kont gwoup gang Ti Makak nan Fessard okazyone yon enspektè polis mouri anba bàl

2,246

01/01/2022

Laboul, Petyonvil______(TRiboLAND) Malgre 2021 an sede plas bay ane 2022 a, gwoup gang yo pa sispan simen dèy ak teworize popilasyon ayisyèn nan. Moun kap viv ant Laboul ak Taraz konen move moman jodi pwemye janvye 2022 a, 218 lane komemorasyon endepandans peyi Dayiti.

An yon operasyon fòs lòd PNH yo fè jodia, kont yon gwoup gang ame ki genyen nan tèt li yon chèf sangwen ki rele Ti Makak, enspektè Dan Jerry Toussaint, pitit defen Majò Danny Toussaint tonbe anba bàl bandi yo nan lokalite  Fessard, zòn Laboul 12, Petyonvil, dapwè yon sous lapolis ki vle rete anonima.

Jiska pwezan, nan  moman redaksyon enfòmasyon an, bàl pa sispan chante nan zòn Laboul 12 ak Taraz, kote ke anpil panik ak tansyon ki bay residan yo anpil lawouli.

Nap raple, sa gen bon bout tan depi ke rezidan yo pat sispan solisite konkou lapolis depi retou chèf gang Ti Makak kap fè lapli ak botan nan lokalite a.

Comments are closed.