Latòti: Yon jing akoz lankrite lajan ak nèg kòwonpi nan jistis Pòdpè-a

0 376

Yon gwo van ensekirite ap soufle sou zile latòti depi plis pase 22 jou, kote popilasyon lage 2 bwa balance e yo pakonn ki sen po yo rele si tout fwa yo ta genyen plent pou pote.

22 jou depi komisarya boule nan Latòti, rezon-an tou senpleman chita sou obligasyon Lapolis zile-a ki tap tante egzekite yon manda ki te soti nan Pakè Pòdpè-a alòske jij de Pè ki sou zile a te gentan tranche sou ka-a deja. Konsa, akoz de ensatisfaksyon lòt pati kite swa dizan viktim nan, yo te pran wout gran tè e vinn fè manda arestasyon alòske pat janm gen flagans. Ki donk, sa vinn kreye gwo deblozaj ki okazyone yon moun pèdi lavi-l devan komisarya a epi lokal komisarya a boule ak 5 motosiklèt e 2 polaris ki te nan lakou a.

 Polisye an sèvis yo pat pran tan pou chape poul. Bat je, yo travèse gran tè sou dilijans yon sitwayen byen koni nan zònn nan men ki gen bon kè, ki answit resevwa divès tabòk malgré gwo jès sila a li te fè. 

3 jou aprè komisarya a te fin boule, yon jèn gason ki vini soti nan peyi etazini ak yon pwojè lopital. Enfomasyon ke “Triboland” ka fè konfyans konfime ke jènn nònm sa a selon kèk revelasyon ki yon medsen, te fè pati yon asosyasyon de yon gwoup diyaspora kap viv kay tonton Sam. Yo te delege-l vini Ayiti pou non sèlman te vinn fè etid zònn nan epi jwenn ak kèk gwo otorite ki nan leta yon fason pou ta jwenn plis aksè pou lopital la te ka konstwi pi rapid. Malerèzman, sa pat kapab fèt paske chèf bò isit te mande-l gwo lajan pou yon bagay ki pral desèvi tout moun nan kominote-a. Pòv sitwayen-an, ta sanble se lanmò-l li te vinn chèche. Jis jounen jodi-a yon sèl arestasyon poko janm fèt; se tankou nou ta di sitwayen sa mouri e li mouri nèt.

Gwo anket mennen fè konnen moun ki tire jènn medsen an ta sanble gen bwa dèyè bannann li. Selon enfòmasyon yo, ta sanble li nan zanmitay swa nan lapolis, swa nan Pakè Pòdpè-a. Non-l pa sispann site tou ba nan tout bout kwen. Konsa, anpil kap viv sou zile-a kraponnen e yap mache sou 2 pou yo pa pile 3.

Jounen jodi-a sou zile-a, se chak kote-w pase se ak zam wap kwaze, tout moun se chèf! 

Kisa otorite yo ap panse pou zile Latòti “Anyen”. Pa menm yon entevansyon arive fèt sou yon zile kote ke leta pa egziste. Sepandan, kote chèf Pakè a? Kote chèf polis depatman an? Kote reprezantan pouvwa anplas la?

Kote eli lokal yo? Oh! Si yon moun byen konprann, “nou tout paka mete tèt nou ansanm pou nou di nap bati yon plan espesyal sou zafè sekirite pou zile Latòti; epi mete konson nou nan tay nou, lase bòt nou e travèse lanmè a al mete lòt sou zile-a? Bon sa nou vo la a? Pou ki sa nou fè tèt nou pase la?

Chèf? Nou prefere kite pitit pèp la ap mouri epi nou menm lespri nou anpè se sèl ransone nap ransone moun?

Énpwensip, Latoti paka rete konsa; fòk gen yon plan sekirite pou zònn nan mezanmi! Ann pote kole pou rele chal bare dèyè yon seri atoufè ki sou gran tè kap moribon Jistis-la nan fo ak uzaj de fo, podeven ak kòripsyon ke pouvwa anplas pa sispann bay tete.

Ferdieu Claude, Triboland

Leave A Reply