Lajistis ayisyènn detèmine pou pouswiv aktivite mache nwa ak komès anba tab ilegal

0 480

Pòtopwens__(TRiboLAND) Nan yon nòt li fè soti ki date ayè Madi-a, Mèt Paul Eronce Villard, Komisè Gouvènman tou pwè Tribinal Premye enstans Pòtopwens ap fè tout popilasyon an sonje san konte responsab konpayi petwolyè an patikilye mache nwa ak komès anba tab totalman ilegal.

Komisè Villard evoke atik premye nan lwa 20 Desanm 1946 sou mache nwa ak kòmès ilegal ki te parèt nan Monitè 2 Janvye 1947, konsidere kòm rakèt, vant, echanj pwi machandiz tèt nèg ak kontrebann oubyen estokaj anba tab pou fè mache o mepwi de yon seri pweskrisyon dispozisyon legal.

Konsa, tout moun yo ta jwenn an flagran deli, yap sibi yon pènn 6 mwa jiska 3 zan anpwizònnman ak yon amann ki kòmanse 500 jiska 100 mil goud.

Leave A Reply