Yon latriye senpatizan Maduro pwan lari pou rele chalbarik dèye sanksyon Trump yo

0 276

Plizyè milye patizan Pwezidan Nicolas Maduro achte beton Karakas Lajan kontan jodi Mèkredi 7 Dawou 2019 la. Objektif la se rele chalbarik dèyè desizyon Donald Trump pou enpoze sanksyon ekonomik kont peyi Venezwela.

Pòtpawòl Asanble Nasyonal la, Diosdado Cabello, ki se dezyèm lòm toupwisan nan Venezwela, bat tenèb dèyè sanksyon Wachenntonn ki li konsidere kòm yon “nouvo pwovokasyon jenosid tèt pa dwàt kap dirije peyi Eta Tèt Kole-a”.Anpil patisipan tap rele e akize Pwezidan Eta Tèt Kole-a kòm kwa le vle fè dap piyanp sou peyi Venezwela.

Pou anpil repòtè, manifestasyon sa ki te reyèlman chaje ak moun ki te sitou konpoze de yon seri travayè leta ak manb kò milisyen anndan peyi-a.

Peyi Eta tèt kole yo, ki se premye nasyon pami yon senkant konsa, te pwan desizyon pou rekonèt opozisyon lidè Juan Guaido kòm Venezwela. Administrasyon Trump lan mete entèdiksyon pou yon pakèt konpayi US ak anpil lòt endividyèl pou pa fè biznis ak gouvènman Maduro-a sou fòm pwesyon pou fòse lidè Bolivaryen an bat ba. Sepandan, Larusi, Lachinn, Iran, ak Kiba kanpe kòm defansè Pwezidan Maduro.

Leave A Reply