PÒDPÈ: FREDNO fete Fèt Manman an avèk egzòtasyon

254
0
Share:
triboland

PÒDPE__(Triboland) Jounen dimanch 26 2019 la nan okazyon fèt manman, dizèn manman reponn prezan  zònn Latandri lakay  madam Angelais Guillaume, Kòdonatris FREDNO (Fanm Rezistans Nòdwès). Manman sa yo ki te sòti nan divès katye popilè nan komenn Pòdpè te kontan pou patisipe nan gwo aktivite fèt manman nan Latandri.

FREDNO fete Fèt Manman nan Latandri
 Fèt Manman nan Latandri, Pòdpè

Malgre sitiyasyon  ekonomik ak sosyal yo an degraba, Kòdonatris FREDNO a te pwofite ekzòte manman yo pou yo asime responsablite kòm manman epi pa chita miltipliye pitit si yo paka pran swen yo. Konsa, li rapouswiv pou-l mande tout otorite nan peyi-a fè yon manyè pou kore ak poteje fanm yo ki se poto mitan sosyete-a.

Yon lòt bò fanm vanyan an kondane ak tout zantray li zak malonèt ki pa sispann fèt sou fanm yo yo tankou: zak vyòl, kadejak, e abi fizik ak domestic sitou nan dènye jou sa yo. Li mande pou Lajistis mete anbakòd otè malveyan yo ki pa sispann vyolans sou fanm sou kelkeswa fòm nan.

Jean Herold Etienne, Triboland

Share:

Leave a reply