Fondasyon TRiboLAND klotire 2èm joune fòmasyon li sou pwodwi chimik: 58 patisipan resevwa sètifika nan Ti Gwav

940

08-10-2023

Ti Gwav, Ayiti ___(TRiboLAND) 58, se kantite patisipan ki resevwa 2 jounen fòmasyon anba direksyon komite fondasyon TRiboLAND Ti Gwav la; soti yè mèkredi 9 pou rive jedi 10 dawout 2023 a, nan Biwo agrikòl kominal Ti Gwav la.

Objektif fòmasyon sila, dapwè PDG fondasyon an, Louis Loussaint, se pou kapab ede jèn fi ak jèn gason genyen yon aktivite pou mete lajan nan pòch yo, yon fason pou pa genyen tandans al tonbe nan move zafè nan peyi Dayiti.

Seyans eksperimantasyon sou Shampoo

Likid vèsèl, likid pou rad, pafen lwil, pafen dlo, pafen spray, vinèg, shampoo, swavitèl, mistoline, asetòn, ak kloroks, se kèk pwodwi chimik jèn yo aprann pandan 2 jounen fòmasyon komite fondasyon TRiboLAND òganize nan komin Ti Gwav, dapwè fòmatè Edmond Andy ki tap mete konesans nan tèt patisipan.

Sou bò pa jèn gason ak jèn fi ki tap resevwa fòmasyon sila a; yo pa manke bat bravo ak lakontantman pou PDG fondasyon TRiboLAND lan, ke yo konsidere kòm yon bonsamariten, yon patriyòt, yon moun ki renmen peyi li, ki fasilite yo benefisye 2 jounen fòmasyon sa a gratis. Pi lwen, yo esplike ke yo aprann anpil bagay ki dapwè yo sa yo di, yo pat genyen lajan pou te rive peye fòmasyon sila a.

Benefisyè yo ki mande Bonye pou l toujou kite souf nan lavi PDG fondasyon an, Louis Loussaint pou l kontinye ede yo nan jwen plis fòmasyon atravè komin nan pandan yo presize, yo pwè pou patisipe nan tout aktivite sosyal komite fondasyon TRIBOLAND ap reyalize nan komin Ti Gwav.

JOICY Arnold.

Comments are closed.