Boukina Faso: Kat moun mouri nan yon legliz katolik

287
0
Share:
triboland

BOUKINA FASO__(Triboland)  Kat moun mouri nan yon atak ki f`et nan yon legliz Katolik nan zònn Nò Burkina Faso. Se yon lòt atak ankò pami yon seri atak kap miltipliye depi kèk tan sou plisyè plas kote anpil kretyen ap adore.

Antouka, “kominote Toulfe se youn nan gwoup basyon tèroris yo atake pandan sèvis priyè jounen Dimanch lan”, se deklarasyon bichòp Ouahigouya, Justin Kientega fè jounen Dimanch lan. “Yon atak ki lague atè kat pwesye fidèl”.

Yon sous otoritè ta konfime bay Triboland ke te genyen plizyè gason batayè ame jous nan dan ki te anvayi legliz-la pandan ke kretyen yo tap selebwe Lamès Dimanch lan nan vilaj Toulfe ki sitiye a 240 km nòdwès capital-la, Ouagadougou. Jiska prezan otorite yo pa anmezi pou idantifye agresè yo.

Selon plizyè rapòtè, atak-la te bay anpil lawouli ak van panic nan vilaj-la. Anpil sitwayen tap esye abwite yo nan raje.

Semènn pase, plisyè nèg ame te touye kat fidèl katolik pandan yon posesyon kèlke jou apwè yo te finn asasine yon pwèt ak senk lòt fidèl. Pandan moman sa-a, pèsònn moun poko revandike atak sa yo ki ta sanble menase pou kraze relasyon amical ki egziste ant majorite Mizilman yo avèk Kretyen yo.

Share:

Leave a reply