Yon jès solidarite nan Prizon Sivil Pòdpè, Mme Charlène Noel Auguste selebre anivèsè li ak prizonye yo

360
0
Share:
TRiboLAND

03/13/2026

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Jodi vandredi 13 mas 2026 lan, yon jès solidarite ki chaje ak sans imanitè te make jounen an, nan Prizon Sivil Pòdpè. Ekip “Nap Valorize Valè Yo” nan tèt kole ak Madam Charlène Noel Auguste (Madan Beko) ansanm ak staff li reyalize yon gwo aktivite sosyal andedan prizon an. Aktivite a te konsiste nan yon jounen netwayaj nan lakou prizon an, kote manm ekip la ak prizonye yo te mete tèt ansanm pou rann espas la pi pwòp ak pi agreyab.

Aprè travay netwayaj la, yo te pataje manje ak bwason ak tout prizonye yo. Jès sa a te touche anpil nan prizonye yo ki pa t kache emosyon yo pandan yo t ap remèsye Madam Charlène pou solidarite ak konsiderasyon li montre anvè yo. Pou anpil nan prizonye yo, moman sa a te reprezante yon siy espwa ak respè pou diyite imen, malgre sitiyasyon difisil yo ap viv.

Malgre fèt li pwograme pou 15 mas, Madam Charlène Noel Auguste te chwazi selebre li yon fason espesyal nan prizon sivil la. Se yon desizyon ki demontre lespri pataj ak konpasyon li. Manm ekip “Nap Valorize Valè Yo” yo fè konnen yo swete Bondye kontinye kouvri li ak benediksyon, ba li plis sante ak ouvè pòt pou li kote li pase.

Share:

Leave a reply