Militan politik, revolisyonè Wilbert Edmond nan Tigwav, mande pou Prezidan Nayib Bukele pa sispann moute volim lan pou fini ak gang yo kriminèl yo nan peyi Dayiti

97
0
Share:
TRiboLAND

11 – 08 – 2026

Tigwav, Ayiti____(TRiboLAND) Revolisyonè Wilbert Edmond nan Tigwav, nan yo entèvansyon li fè nan près Samdi 07 novanm 2026 lan, devan pakè jiridiksyon an, mande prezidan Nayib Bukele pou fè tout sa ki nan pouvwa li fini pou fini avèk gang tout plimay nan peyi Dayiti. Militan politik lan, denonse ak tout fòs li gang yo ki pa sispann touye chak jou ki jou popilasyon an; se yon veritab kansè ki merite ekstèmine tou senpleman.

Revolisyonè Wilbert Edmond ki presize gang yo ap travay pou loksidan ak lòt peyi yo, ki p’ap janm vle peyi Dayiti soti nan sa li twouve li depi plis pase yon deseni. Konsa, li kritike Administrasyon Alix Didier Fils – Aimé a, li di ki angaje raketè Erick Prince epi siyen kontra lòbèy gwo sòm lajan avèk li depi anviwon 2 lane, ki pa bay rezilta, okontrè gang ap taye banda pirèd e yo arive pran plis tèritwa. Anplis yo kontinye ap fè lalwa, vòle, vyole, kidnape, asasinen e mete dife nan diferan katye malere e fè yo kouri kite lakay yo.

Militan politik ou revolisyonè Wilbert Edmond, mande tout moun, tout sektè, tout sitwayen konsekan pou pote kole ak sòlda Bukele yo pou debloke peyi a epi fini ak kesyon gang sa a, ki reprezante yon kansè ki anpeche pèp Ayisyen an vake ak aktivite li. Kidonk, Edmond deklare “Viv yon Ayiti lib! Viv solda salvadoryen yo, viv Sovèlele alyas Bukele e aba gouvènman Didier Alix Fils – Aimé a”.

Share:

Leave a reply