Latibonit: Yon gwoup gang ki gen alatèt li Anèl ap detounen bis kap antre Pòtopwens

0 284

Gran bonè maten Madi 28 Me 2019 la, Wout Nasyonal # 1 te bloke nan nivo Vila, yon zònn ki ant Pon Sonde ak Lestè, depatman Latibonit. Trafik-la te konplètman paralyze e anpil pasajè bis ki tap soti nan pwovens pou antre nan kapital-la te bloke e pwan anpil panik, pa menm motosiklèt pat kapab pote kole pou antre Pòtopwens.

Yon gwo bis ki tap antre nan capital-la te twouve-l plase ankwa sou wout ak kawoutchou plat yon fason pou trafik-la pa pran jarèt. Yon lòt bò pi devan, yon gwo lòt trelè Koka Kola twouve-l an bandoulyè tou nan wout-la ak tout kawoutchou plat a tè yon fason ankò pou paralyze va e vyen.

Selon plizyè sous ki te sou plas; ta sanble se yon mouvman ke chèf gang Anèl ak tout gason batayè-l yo deklenche nan kad fè resèt pou reponn a bezwen batayon lap dirije-a.

Anplis, kèk nan temwen yo konfime ke gwoup atoufè-a ta menm rive kidnape yon bis ki tap soti Pòdpè kote ke yo fouye tout moun e yo rantre ak bis la nan baz yo ak tout pasajè yo. Yon enfòmasyon palaswit ki pat kapab verifye.

Skason Baptiste, Triboland

Leave A Reply