18 Me nan vil Pòdpè: yon selebwasyon ki fèt sou fatra ak labou anba je otorite yo

0 430

Se nan yon atmosfè trè kal e pezib celebwasyon 18 Me-a fete nan vil Pòdpè, yon ambyans ki te anonse anpil koulè nan vil la. Divès lekòl reponn  prezan, pofesè, paran, elèv, sou anba gwo pwoteksyon sekirite Polis Nasyonal la.

Anpil otorite nan vil la te reponn prezan; sepandan, sa pat anpeche anpil moun konstate ke vil Pòdpè nan moman selebwasyon-an tap naje sou fatra ak labou. Pakou a kite soti nan Lise Tètilyen Gilbo te kadale desann nan ri Dimase Estime jis rive nan Pak Kapwa Lamò.

Konsa, se avèk yon diskou sonb chaje ak emosyon Direktè Depatmantal Jenès ak Espò a,  Fedner Destima alias Daremon tap montre ki jan otorite yo trete vil la; yon vil chaje otorite ki pap regle anyen, yon mèri ki pap regle anyen; yon konsta ke tout moun fè. Chak moun ap regle zafé yo. Nimewo 1 ministè jenès ak espò a mande tout otorite ranmase karaktè yo paske vil Pòdpè pa ka rete nan eta sankoutcha sa-a.

Jean Herold Etienne, Triboland

Leave A Reply