Jakmèl : Thomas Regisse blese grav aprè li fin frape ak yon kamyon ki te kanpe sou wout Sen-Cyr a

160
0
Share:
TRiboLAND

10/15/2026

Jakmèl, Ayiti _____(TRiboLAND) Thomas Regisse, yon chofè taksi moto, blese grav nan yon aksidan sikilasyon ki fèt byen bonè maten jedi 15 oktòb 2026 la, vè 5è, sou wout Sen-Cyr a, nan vil Jakmèl, anba limyè wouj la. Daprè enfòmasyon ki disponib yo, Thomas, ki te sou motosiklèt li, al frape nan yon kamyon ki te kanpe sou wout la. Enpak la te lakòz li pran gwo blesi.

Aprè aksidan an, Thomas Regisse te rete kouche atè pandan yon bon moman san li pa t jwenn sekou, paske pa t gen anpil moun ki t ap sikile nan lari a nan lè sa a. Se yon doktè ki t ap pase nan zòn nan ki te remake sitiyasyon an epi pote premye sekou ba li. Medsen an te prese mennen viktim nan nan lopital Sen Michel pou l te kapab resevwa swen medikal ki nesesè yo.

Aksidan sa a relanse deba sou danje machin ki anpàn oswa ki estasyone san mezi sekirite sou wout piblik yo, sitou pandan lannwit ak nan granmaten, lè vizibilite ka limite. Li enpòtan pou otorite minisipal yo pran mezi ki nesesè pou evite machin ki reprezante danje rete sou wout yo san siyalizasyon apwopriye. Responsab konsène yo dwe ranfòse kontwòl yo pou anpeche lòt aksidan grav epi pwoteje lavi moun k ap sikile sou wout yo.

Share:

Leave a reply