Twa nouvo pratikan Dwa prete sèman nan Tribinal Depè Jakmèl la

10/01/2026
Jakmèl, Ayiti _____(TRiboLAND)Twa sitwayen, Oreste Nicolas, Mideline Midy ak Bernadson Pierre, prete sèman jodi mèkredi 30 septanm 2026 la devan Tribinal Depè Jakmèl ka, kote yo resevwa kalite pratikan nan Dwa. Seremoni an make yon nouvo etap nan pakou pwofesyonèl yo, pandan yo pran angajman pou yo respekte prensip ki dwe gide egzèsis fonksyon legal yo.
Nan okazyon sa a, nouvo pratikan yo pran angajman pou yo egzèse fonksyon yo avèk onè, respè, responsabilite ak entegrite. Sèman an vini kòm yon angajman moral ak pwofesyonèl pou mete konesans yo nan sèvis jistis la epi kontribye nan respè dwa moun ak prensip legal yo.
Pami angajman yo pran, gen volonte pou yo pote asistans ak defann dwa moun ki pi vilnerab yo, sitou vèv ak òfelen. Prestasyon sèman sa make yon moman enpòtan pou Oreste Nicolas, Mideline Midy ak Bernadson Pierre, ki pral gen pou mete konpetans yo ak prensip etik yo nan sèvis sitwayen yo ak jistis la.






