Fondepouvwa Jean Tony Lindor mande konsèy Siperyè pouvwa jidisyè a pou nonmen kèk jij depè nan tribinal Tigwav la.

10 – 15 – 2026
Tigwav, Ayiti _____ (TRiboLAND) Fondepouvwa k’ap milite nan tribinal depè Tigwav la, Jean Tony Lindor, nan yon interview ak laprès jedi 15 oktòb 2026 lan, mande konsèy Siperyè pouvwa jidisyè (CSPJ) pou nomen kèk jij depè nan tribinal Tigwav la.
Fondepouvwa Jean Tony Lindor deklare depi lè CSPJ atravè piblikasyon dènye rapò sou sètifikasyon yo, kote yo revoke plizyè jij nan jiridiksyon an, pami yo Winy Fred Noëlssaint, tribinal la redwi a sèlman 2 jij depè sèlman; genyen youn ladan yo ki abite nan komin Leyogan aloske lòt la pati an vakans nan peyi etranje, li poko janm retounen. Lindor esplike ke se yon tribinal la ki ta dwe genyen 8 jij nòmal pou li ta byen fonksyone san pwoblèm.
Òm delwa a, fè konnen sitiyasyon sa a, k’ap devlope nan tribinal la, fè gwo enpak negativ sou avoka yo ak jistisyab yo. Li presize, jistisyab yo nan gwo difikilte pou yo jwen yon jij depè pou al fè yon konsta.
Nan sans sa a, fondepouvwa Jean Tony Lindor mande konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè (CSPJ) a, pou fè tout sa ki nan pouvwa yo pou nomen plizyè jij depè prese – prese pou evite disfonksyonman tribinal la nan Jiridiksyon Tigwav la.
Toutfwa, Lindor salye ekip CSPJ a, pou bon travay li di y’ap fè, lè yo mete sou kote divès move grenn senk k’ap travay pou efondre sistèm jidisyè ayisyen an.






