Dram sou wout Obòy la : 8 moun pèdi lavi yo nan yon grav aksidan nan yon machin zo reken

351
0
Share:
TRiboLAND

07/05/2026

Obòy, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon grav aksidan sikilasyon rive jodi dimanch 5 jiyè 2026 la sou wout Obòy la, aprè Pas Zoranj, avan antre vil Obòy la. Daprè premye enfòmasyon ki disponib yo, yon machin zo reken ki t’ap soti Pòdpè fè aksidan, yon gwo wòch ta tonbe sou li, sa ki lakòz machinn nan fè loupinn al tonbe nan falèz, daprè TRiboLAND.com arrive jwenn bò kote yon chofè ki pwoòch avèk lòt chofè enplike nan aksidan an.

Selon premye bilan an, machin nan te gen anviwon 10 moun ladan l. Malerezman, 8 ladan yo ta pèdi lavi yo, pandan lòt yo blese. Chofè machin nan, yo konnen sou non Souse, se yon moun Obòy, li ta premye moun ki rann dènye souf li daprè kèk temwen ak zenyè ki te la. Jiskaprezan, vrè non li poko konfime, aloske otorite yo poko bay detay sou sa ki te egzakteman lakòz aksidan an.

Dram sa a lage gwo lapenn sou fanmi viktim yo ak tout popilasyon pòdepezyèn nan, ki koulya nan gwo mare senti. Anpil moun ap tann plis enfòmasyon sou idantite viktim yo ak rezilta ankèt otorite yo. TRiboLAND.com ap ankouraje tout moun ki konsène e petèt ki te genyen fanmiy ki te kite Pòdpè pou antre Okap ayisyen, fè bwas pou cheche konnen ki sa bagay la ye.

Antouka, nap di Leta peyi nou mèsi pou fason lap jere mouvman gang yo ki oblije sitwayen ap eseye pran wout dekoupe tèt anba ki mete lavi yo andanje. Kidonk, malere vwayajè yo, dwe pran anpil prekosyon sou wout sila ki pa menm sanble wout, men elas, se la sa kap cheche lavi yo oblije pase.

Share:

Leave a reply