Asasina DJ Greg okazyone 4 kay bwile nan Jakmèl

0 611

Jakmèl___(TRiboLAND) Gwo tansyon jounen jodi maten 23 Janvye 2020 nan Jakmèl akoz asasinaj Grégory Petidye alyas “DJ Greg” alyas “Le Lion” ki mouri ponyade anba kout kouto yon endividi nan zònn avni Libète ak avni Baranquilla nan site Alcibiade Pommayrac.

Konsa, fanatik supèsta lokal la te endinye e te mete vil Jakmèl anba gwo tansyon lafimen dife; kat kay bwile, pami yo ou jwenn Biwo Santral Katedral Jakmèl la ki nan ri Titan.

Selon rumè yo, yo ta akize Agéna Mikelson, yon reparatè telefònn pòtab, kòm moun ki ta lotè krim sa. Enfòmasyon yo ta fè eta de afilyasyon Mikelson avèk yon gwoup gang ki pote non “Zoe Gang” ki twouve li nan baz “Hat Men” nan zònn ri Titan nan Jakmèl.

Annatandan, envestigasyon polis yo detèmine kriminèl yo ak motif yo, manm fanmiy Grégory Petidye chwazi pa lonje dwat jouda sou pèsònn moun. Nap raple ke DJ Greg mouri se moman yo tap kouri transpòte l lopital.

Leave A Reply