Pou pipiti 3 bèf mouri nan maladi chabon nan 2èm seksyon kominal Tigwav.

07 – 15 – 2026
Tigwav, Ayiti _____(TRiboLAND) Peyizan yo leve jwen nan jou, pou pipiti 3 bèf mouri; selon kèk endis ta sanble znnimo yo arrive mouri nan maladi chabon, lokalite Fouwacho 2èm seksyon kominal Tigwav.
Selon temwyaj kèk peyizan nan zòn nan, deja genyen plizyè bèf ki mouri nan maladi a, san konte yon pakèt lòt ki kouche malad pandan yo pa kapab ni manje ni bwè. Plizyè notab ki te kontakte TRiboLAND, fè konnen majorite bèf ki mouri yo, anpil nan yo al van’n sou mache, yon sitiyasyon mande jwèt pou ministè lasante.
Elevè yo genyen gwo kè kase fas ak yon parèy maladi chabon, kap detwi bèf peyizan yo nan seksyon an; kidonk, zannimo yo se sèl resous yo genyen kòm asèt ekonomik.
Nan sans sa a, elvè yo mande ministè sante piblik ak popilasyon (MSSPP) pou voye èd medikaman ak medsen veterinè prese – prese pou evite sòs la pa koute pi chè ke vyann lan nan 2èm sekyon kominal Tigwav, lokalite Fouwacho.






