Chansòlm : 4yèm edisyon Koup Baptista Lazarre ap mete kominote a nan anbyans

244
0
Share:
TRiboLAND

Chansòlm, Ayiti ______(TRiboLAND) Nan Premye Seksyon Kominal Chansòlm, yon inisyativ espòtif ap pran plas pou pote animasyon, solidarite ak bon anbyans nan kominote a. Se Les Rénovateurs de la Première Section Communale de Chansòlm (RPSCC) ki mete sou pye konpetisyon an, anba lobedyans Marc André, ansanm ak plizyè lòt moun ki angaje yo nan devlopman kominote a.

Konpetisyon an, ki rive nan 4yèm edisyon li, ap dewoule anba non Koup Baptista Lazarre, sou teren espòtif Baptista Lazarre nan 18. Objektif inisyativ la se pa sèlman ankouraje pratik foutbòl, men tou kreye yon espas kote moun nan kominote a kapab reyini, detann yo epi viv kèk moman nan lajwa ak solidarite.

Plizyè ekip ap patisipe nan konpetisyon an, pami yo Periculum FC, Fond Ramier Pou Chanjman, Triomphe FC Pierrette-Beauvoir ak La Rose de Balladé. Premye rankont yo te pwograme apati dimanch 23 dawout 2026, pandan lòt match yo ap dewoule 24, 26 ak 27 dawout.

Gwo final la fikse pou dimanch 30 dawout 2026, kote de ekip ki pral kalifye yo ap rankontre pou detèmine chanpyon 4yèm edisyon Koup Baptista Lazarre la.

Pou òganizatè yo, espò kapab sèvi kòm yon zouti pou rasanble moun, ranfòse relasyon nan mitan kominote a epi ofri jèn yo yon espas pozitif pou eksprime talan yo.

Avèk patisipasyon ekip yo, sipò popilasyon an ak angajman òganizatè yo, 4yèm edisyon Koup Baptista Lazarre ap parèt kòm youn nan aktivite k ap kontribye pou kenbe Premye Seksyon Kominal Chansòlm nan anbyans pandan peryòd vakans lan.

VIV RPSCC! Viv espò! Viv Chansòlm!

Share:

Leave a reply