Lè se moun ki pa moun kap dirije moun, me nan ki kondisyon yo redwi lekòl lakay

390
0
Share:
TRiboLAND

Fond Zonbi, Jan Rabèl, Ayiti_____(TRiboLAND) Kondisyon lekòl Nasyonal Saint-Martin Dalima, ki lokalize nan Fon Zonbi, Vyèy Hat, 3èm Seksyon kominal Jan Rabèl, depatman Nòdwès, pa fè onè otorite lokal yo ak tout swadizan dirijan apatrid kap efondre peyi a.

Nan yon founi je gade, repòtè TRiboLAND te fè nan Ba Nòwès, eksperyans toune sila montre yon lòt fwa ankò nan ki nivo kritik politichyen kap dirije trete edikasyon. Nan chita anba tonèl avèk direktè lekòl Nasyonal Saint-Martin Dalima, mesye Rosima Rosly, li evoke yon latriye korespondans ou tantativ ke li fè bò kote Leta Santral pou retire timoun yo nan kondisyon malsite ke yo reyini pou pran moso pen lenstriksyon an; konsa, nad marinad, yo woule li nan farin avèk yon latriye manti.

Rosima rabat pou li di, ke lekòl NSMD genyen plis pase 240 aprenan ki antase tankou sadin nan 6 pyès kay ki bare ak branch kokoye anba vye tòl wouye ki pa ka tronpe lapli. Enstitisyon sila ki inik nan je moun, ap fonksyone avèk efektif 11 manm ki konpoze pèsonèl la; sepandan, genyen 7 ladan yo ke Leta rekonèt. Klas yo konpoze apati Preskolè pou rive nan 3e Sik Fondamantal (9eAF). Kondisyon mizèrere sila, egziste depi plis pase 20 lane Leta, otorite lokal ak tout politichyen, pa janm mande yo ki mò ki touye Lanperè!

Direktè Lekòl Nasyonal Fon Zonbi a, msye Rosima Rosly, fini pou di “majorite paran yo menase pou retire pitit yo anndan lekòl la akoz anviwonman an ki endesan. Konsa, apèl prese prese yo, pa sispann lanse bò kote notab seksyon an ak tout pitit Fon Zonbi k ap viv nan peyi etranje e ki definitivman kwè ke sitwayen rejyon an kapab fè pi byen nan sans sa.

Antouka, ouvèti ane eskolè 2025-2026 la deja bay gro tèt vire fas ak demann lojistik yo ki riske voye aprenan yo anba pye bwa!

Share:

Leave a reply