Nèg ak zam touye yon manm Fondasyon Frè Luckson, “Zòn pa Fè Moun”

394
0
Share:
TRiboLAND

 
05 – 19 – 2024

Pòtoprens, Ayiti ____(TRiboLAND) Bandi sangwen touye Leodens Saintus anpil moun konnen sou non Sonson nan lannwit 18 me 2024, nan zòn Dèlma 65.

Sonson se chofè moto fondasyon an, aprè bandi fin touye-l anba bal e yo pran moto a ki te pou fondasyon an.

Leondens Saintus, se youn pami dènye inosan sitwayen ki viktim anba bandi kriminèl gang sansal, ki fè pati yon lis plizyè milye konpatriyòt ke Ayiti deja pèdi.

Leondens te yon moun trè saj e yon manm enpòtan nan Fondasyon Frè Luckson “Zòn pa Fè Moun” daprè divès manm nan popilasyon an.

Share:

Leave a reply