Sove Nòdwès: yon piknik chik nan kad mobilizasyon pou netwaye vil Pòdpè

703

Miyami____(TRiboLAND) Òganizasyon Sove Nòdwès, yon lòt fwa ankò poze yon lòt gwo pyon nan kad motivasyon ak sansibilizasyon pou pwan anchaj divès pwoblèm krisyàl depatman Nòdwès la ap fè fas.

Se yon veritab mobilizasyon ak entèaksyon san parèy lavèy Fèt Patwonal Imakile Konsepsyon, nan Pak Dr. Von D. Mizell-Eula Johnson nan Dania Beach nan Eta Florid, kote ke pitit Nòdwès peyi Dayiti tout kalite fè yon sèl tèt kole pou pwomote yon strikti èd mutyèl ki pwàl fasilite andòsman chak pitit kapwa yo nan sovetaj yon depatman kap plonje nan labim.

Manm Sove Nòdwès yo ki soti nan diferan vil ou byen eta atravè Etazini, esplike ak anpil emosyon non sèlman kontantman yo nan fè konesans youn ak lòt, men sitou reyitere angajman yo pou jwe wòl endividyèl yo fas a yon koz kominn ki se yon seri pwoblematik kap topizi Nòdwès depi digdantan.

Se fèt ak kontantman nan tout nivo! Manje ak bwevaj tout kalite, kòmanse sou pen patat ak labapen pou rive sou tchaka mayi ak kabwit griye kreye anbyans konkou gran manjè! Nan yon anbyans mizik ak plezi blag dan griyen, rejwisans yo pat piti! Piknik Dania a ki se yon pwemye aktivite ki pwal rale dèyè-l yon pakèt lòt nan kad bay jarèt pou yon lòt depatman Nòdwès.

Comments are closed.