Organisation des Diasporas pour le Développement de l’environnement d’Haïti fè gran lansman li nan vil Pòdpè (ODDEH)

863

01-23-2023

Pòdpè, Ayiti ___(TRiboLAND) Lansman ODDEH nan vil Pòdpè, jodi dimanch 23 desanm 2023 nan restoran “Chez Ketia”. ODDH se yon òganizasyon ki pran nesans Etazini anba inisyativ Mesye Altès Jean ak Madam li, Julie Genéus Jean, nan lane 2017, nan objektif pou pote soutyen ak travay pou amelyore vi sosyal yon seri moun nan peyi Dayiti. ODDEH gen pou slogan “Une voix pour les sans voix”

Nan yon peyi kote Leta absan, kote grangou ak enflasyon ap galope, ODDEH deside depi plizyè lane enplike-l nan sektè ekonomik lan, pou ede manm li yo batay ak lavi nan bayo mwayen pou ogmante kapital yo, nan aktivite yap fè. ODDEH finanse pou divès moun nan domèn edikasyon, sante ak lojman. Òganizasyon an tap fonksyone nan kad restren ak anviwon 15 manb; jodia ak plis pase 50 manb, ODDEH prezante’l a gran pliblik lan paske gen plis ouvèti konnya nan travay yap fè nan popilasyon ayisyèn lan, an patikilye vil Pòdpè.

ODDEH fikse pwojèktè li sou moun ki pi vilnerab yo, moun ki vrèman nan bezwen, men ki pa ka jwenn èd. Malgre yo pap ka ede tout moun, men avèk fèb mwayen yap touche moun yo kapab. 2 gran pwojè ODDEH gen ki kòmanse la, se : yon biwo kredi, lide pou sipòte manb yo, ak yon lekòl enfòmatik standa entènasyonal, kote etidyan yo ap jwenn diplòm entènasyonal.

ODDEH reyini an atandan Lakay Marie Jacqueline Jonassaint kap administre li an Ayiti, Ri Montache # 5, Pòdpè an atandan yo gen syèj sosyol yo ki rele yo chèmèt e chèmètrès.

Comments are closed.