Pòdpe : Chofè taksi-moto denonse sa yo konsidere kòm yon presyon finansye OAVCT ak sèvis sikilasyon lapolis ap egzèse sou yo

109
0
Share:
TRiboLAND

08/27/2026

Pòdpe, Ayiti_____(TRiboLAND) Marckendy Milfort, yon chofè taksi-moto ak jounalis byen koni sou non Mike Lefort, leve vwa li pou denonse yon sitiyasyon li konsidere kòm malouk chofè motosiklèt yo ap sibi nan vil Pòdpe, sitou nan rapò yo ak OAVCT ak sèvis sikilasyon Lapolis Nasyonal d Ayiti.

Daprè deklarasyon Milfort, OAVCT, atravè sèvis sikilasyon lapolis, ta vin egzèse gwo presyon sou chofè moto yo pou fòse yo peye frè asirans ak lòt depans ki, selon li, lou anpil pou moun k ap travay nan sektè taksi-moto a.

Milfort eksplike pou yon chofè kapab fè asirans motosiklèt li, li ta dwe fè fas ak plizyè depans. Daprè chif li bay yo, yo enkli: Matrikil: 1 000 goud, Asirans: 3 000 goud, Demann plak: 750 goud epi depi yo pran moto a, menmsi pou kèk minit yo oblije peye pakin: 500 goud.

Sa ta reprezante yon premye depans 5 250 goud, san konte lòt frè oswa depans ki ta ka vini apre.

Nan deklarasyon li, Mike Lefort mete aksan sou kesyon plak motosiklèt yo. Li fè konnen, menm lè yon chofè fin peye asirans lan, li toujou oblije peye frè pou demann plak la chak twa mwa, paske, daprè li, chofè yo pa rive jwenn plak yo.

Sitiyasyon sa a, selon Milfort, mete yon chay ekonomik adisyonèl sou chofè taksi-moto yo, ki souvan depann dirèkteman de motosiklèt yo pou yo jwenn revni chak jou.

Youn nan pi gwo kesyon chofè a soulve se sou fason lajan asirans yo kolekte a fonksyone. Li estime chofè yo ap peye yon kantite lajan enpòtan, san yo pa konnen klèman nan ki moman ak sou ki fòm sèvis oswa benefis asirans lan ap retounen jwenn yo lè yo bezwen li.

Pou Milfort, absans enfòmasyon klè sou mekanis asirans lan ogmante fristrasyon chofè yo, sitou lè yo konsidere tout lòt depans administratif yo oblije fè.

Nan fen deklarasyon li, Mike Lefort itilize yon pawòl ki montre nivo mekontantman li genyen fas ak sitiyasyon an. Li denonse sa li konsidere kòm yon sistèm kote chofè taksi yo vin tounen yon sous revni pou moun k ap travay nan Leta.

«« Byenveni nan peyi Ayiti, kote chofè taksi se yon veritab sous revni nèg ki nan Leta. »»

Deklarasyon sa yo soulve kesyon sou nesesite pou gen plis transparans nan pwosesis anrejistreman, asirans, demann plak ak lòt frè chofè motosiklèt yo ap peye.

Sepandan, akizasyon ki fèt nan deklarasyon Milfort yo ta merite klarifikasyon ak pozisyon ofisyèl OAVCT ansanm ak sèvis sikilasyon Lapolis la, yon fason pou piblik la ak chofè yo kapab konnen egzakteman ki frè lalwa prevwa, ki sèvis yo kouvri epi ki pwosedi ki egziste pou jwenn plak ak benefis asirans yo.

Share:

Leave a reply