Nan okazyon 223èm anivèsè kreyasyon drapo peyi Dayiti a, yon mès aksyon degras chante nan legliz Katedral Senlwidinò a jodi lendi 18 me 2026 la.

05/18/2026
Senlwidinò, Ayiti____(TRiboLAND) Pou make 223 lane ekzistans drapo nasyonal peyi Dayiti a, yon mès aksyon degras chante nan legliz karedral Senlwi Wad Frans nan komin Senlwidinò jodi lendi 18 me 2026 la.
Yon seremoni ki te dewoule nan prezans plizyè otorite sivil, politik ak militè. Pami yo, Dr Jean Garry Sanon, enspektè Rene Pubien, magistra Odena Chanoine, juge Ederne Lubin poun site sa yo sèlman. Plizyè enstitisyon eskolè ekòl sòti nan tout distri Senlwidinò a pou te patisipe nan gwo kòkenchenn tedeyòm bikolò a.
Reveran pè Roberson Pierre nan romeli sikonstans lan, mande tout ayisyen pou reflechi sou sitiyasyon peyi endepandan nou an; “jodia ki make yon gran evènman nan istwa nou paske nap fete 223 lane depi nou gen yon tikras libète; dirijan nou yo pa pwouve ke nou pap viv sou titèl lòt peyi”.
Toujou daprè pè Pierre, “ jounen sila, se egalman yon okazyon pou tout moun reflechi ansanm sou kote nou ye, kote nou sòti ak kote nou vle rive. Desalinn pat ba nou drapo sa pou nou te retounen nan sa nou ye la, an nou pa pran fèt drapo a kòm yon woutin, men se pou n pran yon nouvèl dispozisyon pou nou chanje peyi Dayiti . Gen anpil nesesite pou nou analize eske se lespri Bondye kap aji nan peyi Dayiti”? Se deklarasyon pè Pierre ki tap depoze nan okazyon selebwasyon 223èm lane kreyasyon bikolò a.






