Okap, Travay asfaltaj yo demare pou amelyore sikilasyon avan fèt Drapo ak Inivèsite a

04/18/2026
Kap Ayisyen ____(TRiboLAND) Direksyon DINEPA anonse travay asfaltaj yo kòmanse ofisyèlman aswè dimanch 17 me 2025 la, nan vil Okap la, nan objektif pou amelyore kondisyon lari yo epi rann sikilasyon an pi fasil avan selebrasyon fèt Drapo ak fèt Inivèsite a. Daprè responsab yo, ekip DINEPA ansanm ak OREPA Nò deja deplwaye sou teren an, depi Ri 2 L rive Ri 22 L, pou akselere travay reparasyon ak amenajman wout yo.
Travay sa yo vini apre plizyè plent sitwayen ak chofè yo te konn fè sou move eta kèk ri, espesyalman kote enstitisyon an te fè entèvansyon pou mete oswa repare tiyo dlo yo. Direktè Jeneral DINEPA a, Teophil Ostinvil, fè konnen tout zòn kote ekip yo te fouye pou pase tiyo pral jwenn reparasyon nesesè yo, pou popilasyon an ka jwenn pi bon kondisyon deplasman ak plis sekirite sou wout yo.
Otorite yo espere pwojè sa a ap kontribye nan bay vil Okap la yon pi bon imaj pandan gwo aktivite nasyonal k ap prepare yo. Anpil rezidan deja salye inisyativ la, pandan yo swete travay yo fèt ak bon jan kalite epi kontinye nan lòt katye ki bezwen entèvansyon tou.






