Endividi pesòn pa rive idantifye krible kòdonatè katèl KAZEK 3è seksyon kominal Senlwidinò a, ak plizyè bal.

825

06-20-2023

Senlwidinò, Ayiti_____(TRiboLAND) Endividi pesòn pa rive idantifye vide plizyè bal, sou kòdonatè katèl KAZEK 3è seksyon kominal Senlwidinò a, Saintilmé Saintilus, nan lanwit 19 pou leve 20 jen 2023 a.

Enfòmasyon ki rive jwenn nou nan sal redaksyon nouvèl TRiboLAND, ta fè kwè, kòdonatè a, arive pran plizyè bal, youn nan ponyèt ak yon lòt nan pye.

Poze kesyon sou eta sante, prezidan 3è seksyon kominal Senlwidinò a, enfòmasyon yo fè kwè, pou koulya lap resevwa swen nan lopital Otrichyen nan Senlwidinò.

Comments are closed.