Fèt Senjan Batis nan vil Jan Rabèl: anpil preparasyon sou pye selon ajan egzekitif enterimè komin nan

Jan Rabèl, Ayiti_____(TRiboLAND ) Pawas Sen Jan Batis, nan Jan Rabèl ap pare pou selebwe fèt patwonal li, Sen Jan Batis, madi pwochen kap 24 jen 2025 lan. Nan okazyon sila, anpil aktivite deja tanmen nan komin nan tankou: repentire legliz konsène a, 9 jou nevèn nan kad mobilizasyon kretyen katolik yo chak swa, san konte yon latriye demach nan kad anbyans festival, dapwè sa Ajan Egzekitif Enterimè komin Janrabèl la, Marc Déjean deklare bay TRiboLAND.
Nan moman li tap kontakte Direksyon Depatmantal TPTC a nan kad demach pou pasemen sou twonson wout Pòdpè – Jan Rabèl la ki enpwatikab, mesye Marc Déjean konfime egalman pèfòmans yon latriye djaz tankou: Twopikana, Friz, New Look, Mas Konpa ak DJ ki pral fasilite anbyans distraksyon woule yayad yo.
Nap sinyale, prezans Ajan Marc Déjean nan Metwopòl Nòdwès la, te mete egalman an evidans demach bò kote direktè depatmantal Polis Nòdwès la, Komisè Divizyonè, Clevens Cétoute pou ranfò sekiritè nan okazyon fèt patwonal Sen Jan Batis la.






