Yon ti bato ki tap soti Ansapit pou antre Marigo fè nofwàj

1,228

Sidès______(TRiboLAND) Yon ti miyèt bato ki pote non “Eklezyàs” ki tap kandale desann soti Ansapit pou ale Marigo nan zòn limitwòf Bèlans ak Marigo toupwe Gwospent, fè nofwàj samdi maten 30 oktòb 2021 an ak yon latriye pasajè, dapwè medya lokal yo.

 Youn pami yon ventèn sa yo ki arive chape, fè eta de enkonbweman twòp chaj tankou siman, gaz elatriye ki ta okazyone bato a koule. Selon temwen an, genyen plizyè moun ki ta sanble mouri.

Otorite SEMANAH yo deja anrejistre plis pase yo dizènn mò, alòske yo kontinye ap rapouswiv ak operasyon pote sekou yo nan dlo sale Bèlans ak Marigo.

Foto: @JPSaintFleur

Comments are closed.