Koup Drapo 2026, Eclair FC ak Samedi Matin louvri konpetisyon an ak yon gwo match 2 a 2 sou Pak Kapwa Lamò

03/29/2026
Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Jodi dimanch 29 mas 2026, Akajou Promo nan tèt kole ak Lig Foutbòl Pòdpe a ofisyèlman lanse 2èm edisyon Koup Drapo a sou Pak Kapwa Lamò, nan yon anbyans chaje ak pasyon ak sipò fanatik yo. Se ekip Eclair FC ak Samedi Matin FC ki te gen privilèj ouvri konpetisyon an, nan yon rankont ki te kenbe piblik la sou tansyon depi premye kout siflèt la jouk dènye minit la.
Match la fini sou yon nòt egalite 2 a 2, apre yon jwèt trè anime ki te gen anpil rebondisman. Bò kote Eclair FC, se Richcard ak Donley Charles ki te make gòl yo, sa ki te pèmèt ekip la rete nan match la jouk nan fen an. Pou Samedi Matin FC, repons lan te vini gras ak reyalizasyon Valensky ak Adler, ki te montre yon bèl kapasite pou reaji devan presyon advèsè a.
Rezilta nil sa a montre byen ekilib ki genyen ant de fòmasyon yo, chak ekip te gen moman dominasyon pa yo pandan rankont la. Pataj pwen sa a kite tout sispens la ouvè pou rès konpetisyon an, kote chak detay ap konte anpil nan batay pou kalifikasyon an. Dezyèm edisyon Koup Drapo a kòmanse sou yon bon not, ak espwa pou plis bèl match nan jou k ap vini yo.






