Federasyon Ayisyèn Foutbòl enterese ak Junior Natoux pou ta vin pran ba direksyon seleksyon U20 an

2,394

John Jean Jacques 04/02/2022

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Federasyon Ayisyèn Foutbòl fè de Junior Natoux priyorite numewo 1 li, yon fason pou li ta vin pran rèn Seleksyon Ayisyèn U20 gason yo.

Federasyon Ayisyèn Foutbòl la, ki trouve li nan obligasyon pou trouve yon seleksyonè pou kapab dirije Seleksyon U20 gason yo, fikse je li sou Junior Natoux, kòm pèsonaj numewo 1 ki kapab vin pran rèn seleksyon an. Natoux ki genyen 33 lane, te 2 fwa chanpyon nasyonal ak club ki pote non “Don Bosco” a.

Nan ka ou, Fedarasyon an ta jwenn yon antant ak Junior Natoux pou l ta vin pran ba direksyon Seleksyon Ayisyèn U20 gason an, lap genyen pou misyon: kalifye jenn grenadye yo pou Koup Mondyàl kap fèt pou kategori sila nan ane 2023.

Comments are closed.