Otorite yo ap fè bwas pou sekoure kèk evantyèl rezidan ki disparèt nan efondreman apatman yon apatman nan Iywa

1,223

05-29-2023

Davenpò, Iywa, Etazini_____(TRiboLAND) Responsab sekouris yo arive sekouri maten lendi 29 me 2023 a aprè efondreman yon bò nan yon batiman istorik an bwik nan sant vil Davenpò, daprè sa TRiboLAND jwen bò kote otorite lokal yo.

Yon bò nan yon estrikti apatman nan Davenpò, Iywa tonbe dimanch 28 me 2023 a ki okazyone fòs sekouris yo arive chape 8 moun e koze yon latriye blese, daprè otorite lokal yo.

Antouka, maten jodi lendi 29 me 2023 a, anpil moun konsène osijè plizyè moun ki ta antere toujou anba dekonb aprè aktivite rechèch yo yèswa, selon otorite yo nan Iywa, Etazini.

Nap raple, yon bò nan building nan tonbe vè 5:00 pm dimanch 28 me 2023 a; efondreman sa okazyone egalman yon gro fit gaz natirèl ak dlo ki te anvayi plizyè etaj estrikti a. Koz efondreman an ap envèstige; sepandan, plizyè nan rezidan ki te evakye e ke Lakwa Wouj te gentan bay swenyaj medikal, ta sanble te genyen opòtinite pou retounen, malgre jiska maten lendi a, bagay yo poko klè ak building nan ke ekspè yo ap egzamine.

Comments are closed.