Pòdpè: Yon nouvo katèl enstale nan tèt meri a, aprè plis ke 10 lane dezòb administratif ou enkonpetans

03/27/2026
Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Vil Pòdpè antre nan yon nouvo etap enpòtan vandredi 27 mas 2026 la, ak enstalasyon ofisyèl nouvo katèl Mèri a ki gen nan tèt li Ralph Moreau, akonpaye Jamesky Jeanty ak Barbara Dolanda. Se Dwayen Tribinal Premye Enstans Pòdpè a, Me Kepler Ernest Desravines, ki te prezide seremoni prestasyon sèman an, devan plizyè otorite sivil, jidisyè ak polisyè, ansanm ak yon foul sitwayen ki te fè deplasman pou temwaye sipò yo. Evènman sa make yon moman istorik pou komin nan, aprè plis pase 10 lane kritik ak dezilizyon sou ansyen jesyon an.
Nan entèvansyon li, Dwayen an pa t kache gravite defi kap tann nouvo administrasyon an. Li souliye nesesite pou katèl la pran responsabilite li seryezman fas ak sitiyasyon difisil vil la ap travèse, kote pwoblèm fatra, dlo santi, labou ak move jesyon iben kontinye ap degrade kondisyon lavi popilasyon an. Li lanse yon apèl klè pou aksyon rapid ak efikas, pandan li ankouraje nouvo ekip la mete enterè komin nan an premye.
Pou bò pa li, Komisè Gouvènman an, Me Jeir Pierre, ensiste sou enpòtans sekirite nan komin nan. Li mande nouvo responsab yo pou yo chita ansanm ak tout aktè konsène yo pou mete sou pye yon plan sekirite solid, ki kapab retabli lòd ak konfyans nan mitan popilasyon an. Konsyan de gwo atant sitwayen yo, nouvo katèl la fè konnen li pare pou travay an kolaborasyon ak tout fòs viv nan komin nan pou amelyore kondisyon lavi yo epi bay Pòdpè yon nouvo vizaj.






