Senatè Joseph Lambert: apwè anpil deriv ak fyèv premye minis, chanje koulè ankò

0 457

Pòtopwens__(TRiboLAND) nan yon twit li mete deyò ansanm avèk divès entèvansyon li fè sou kèk radyo nan kapital, Senatè Joseph Lambert, ki gen ti non jwèt li “Animal Politik” oubyen “Papa Tounen” deklare ke li divòse ak  makrèl li prezidan Jovenel Moise.

Eli Sidès la konfime desizyon sa lòske li tap fè divès entèvansyon medyatik pou pwan distans li avèk pouvwa li te konn ap danse avè-l la. Desizyon sa vini nan moman “Animal Politik” konfime ke li te pwopoze pwòp tèt li bay chèf Leta-a pandan konsiltasyon pou te ranplase premye minis Jean Michel Lapin, dapwè “Papa Tounen” ki konpwann li toujou genyen kredibilite pou sèvi peyi-l toujou.

Jwè avan sant ekip Plonje Haiti Tou Kanpe (PHTK) a fache seryezman akoz rejte pwezidan Jovenel rejte otopwopozisyon li pandan plizyè okazyon, sitou lè li asèpte pwopoze Fritz William Michel, yon pèsonaj ki pa gen twòp eksperyans politik.

Antouka, pelirinaj kriye ak fè kout san Papa Tounen an, se klèman yon divòs ak makrèl li Jovenel Moise. Anpil moun estime pozizyon Senatè Lambert ke yo repwoche ki pa jann pwan desizyon anfavè mas popilè yo, afiche yon fwa ankò yon pozisyon opòtinis ki tèt koupe ak yon moun ki egri, yon trèt e yon karyè politik ki alagoni. Anpil lòt moun tou kwè koub 90 degre sa pwan twòp tan alòske Senatè-a te deja tap benyen nan yon pakèt deriv; pozisyone tèt li jounen jodi-a pa vle di twòp bagay pou oken kan.

Retwouve yon Lambert ki deja twò kontwovèse nan mitan opozisyon an, se fini nèt avèk moral ou kredibilite opozisyon an nèt ale!

Leave A Reply