Malgre manda majistra Josué Alusma fini, li kontinye ap kreye pètibasyon ak yon gwoup chimè nan vil Pòdpè

420

Pòdpè___(TRiboLAND) Mèt Eddy Baltazar, yon avoka, yon pastè byen koni nan vil Pòdpè pran wout lapwès pou li denonse konpòtman iresponsab ak enkonpetans majistra san manda Pòdpè a, Josué Alusma ki deside anvayi tè li ki nan zònn Twa Rivyè, Lasent ak yon gwoup chimè.

Selon revelasyon Mèt Baltazar, Alusma debake avèk “baz 305”, yon kò gang ak chimè ke majistra ame pou ede l fè entimidasyon ak pètibasyon sou moun nan vil la. Bandi sa yo ki ta sanble ap sèvi majistra a pou tèt li te mete yo chèf, ba yo kat lè yo lage soti nan pwizon, konsidere kòm youn nan gang kap fè apil abi nan site Kapwa Lamò a, dapwè sa yon gwoup sitwayen nan zònn Bouchi Twa Rivyè ta revele bay TRiboLAND.

Ajoute a sa, ekip sa asèpte simen egalman trak ak krafiti nan divès kwen nan vil la ki sijere popilasyon an kontinye asèpte yon majistra ke manda l fini e ki pa fè lòt bagay ke kontinye tèworize yo e ogmante mizè yo nan kèk krim ki pa fenn klè. Anplis, swadizan pwemye sitwayen an, pa sispann repete ke fatra nan vil la se yon asèt politik pou li.

Dapwè Mèt Eddy Baltazar, Alusma vizite teren an nan vandredi ak madi pase, avèk pwèske yon kantite enkontwolab gwoup chimè ki tap fouye twou ak pikwa, mete poto…nan tè. Roro ak Johnley se 2 pami nan bandi yo ki te tante avanse sou Mèt Baltazar ak zam osito li te jwenn yo sou teren a ki se yon tè ki rele fanmiy Baltazar chè mèt chè mètrès, dapwè Mèt Baltazar ki tap entevni sou Radio Marconi FM nan Pòdpè mekredi ki te 10 jwen 2020.

Madi pase, yo rale zam sou Mèt Baltazar e mete l deyò sou teren an. Li akize Carlin Michel ki se direktè administrative Meri a kòm yon vwayou ke majistra a tap pase lòd pou fouye twou ak pikwa sou teren an. Mèt Baltazar estime ke se yon sènn ki degradan pou Alusma ki pat lekòl trouve lap pase moun ki te ale lekòl lòd pou fouye twou. Mèt Baltazar te rapouswiv pou li di, yo vire l tounen nan ba li randevou nan Meri a ke yo pa respekte. Tout sa, se te yon fason pou yo te ka gentan fè lotisman. Alusma pase chimè yo lòd, “nenpòt ki lè yo ta jwenn Eddy Baltazar sou teren an antere l e mete siman sou li pou yo pa janm jwenn li”, dapwè viktim nan ki tap depoze sou Radio Marconi FM. Li repwoche majistra a egalman dèske li se yon engra ki bliye ke se li menm ki te mete l deyò nan pwizon apwè 16 jou dèyè bawo.

Pou anpil moun, Josué Alusma ki se yon majistra ki senbolize enkonpetans ak medyokrite devan je popilasyon Pòdpè a e kontinye ap miltipliye egzasyon ak zak dap piyanp sou yon pakèt tè moun ki enkapab pran wout lajistis. Pou anpil lòt, se rat kay kap manje kay pay. Josué ak Baltazar se pwason kraze nan bouyon; se petèt yon deal ki mal fèt!

Gen yon lòt gwoup ki estime ke Josué tou senpleman ap aplike sa anpil ansyen majistra te konn ap fè kòm pwatik ilegal: nan pran plas DGI ki genyen kadas, sezi pwopwiyetè moun sou fo pwetèks, akapare ou fè vye tranzaksyon ak tè leta anba tab san jamè rann kont e subi envèstigasyon serye apwè pasaj yo nan administrasyon Meri Pòdpè a.

Anfen, jis kilè gouvènman Moise-Jouthe ap finalman deside ede netwaye vil sa kap debòde ak fatra tout kalite.

Comments are closed.