Pòdpè, “Se pa moman pou selebrasyon, se moman pou travay” Paul Eli Faustin lanse avètisman klè

192
0
Share:
TRiboLAND

03/27/2026

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan moman enstalasyon nouvo katèl Mèri Pòdpè a, jodi vandredi 27 mas 2026 la, lidè politik Paul Eli Faustin, ki nan tèt mouvman Fòs Nou ak alye yo, pran lapawòl pou voye yon mesaj ki frape fò. Daprè li, sitiyasyon vil la pa pèmèt okenn fèt ni selebrasyon, men pito mande mobilizasyon total tout sitwayen. Li ensiste sou nesesite pou tout moun mete tèt yo ansanm nan travay serye, ak disiplin, san fè bri initil, pou rebati yon vil ki twò lontan ap soufri anba move jesyon.

Paul Eli Faustin, ki fè konnen li pase plizyè ane ap mennen batay pou mete fen nan sa li rele “rèy echèk” ansyen majistra Josué Alusma, salye chanjman ki rive jodi a kòm yon viktwa kolektif. Li souliye wòl enpòtan plizyè sektè, tankou Chanm Komès Nòdwès la, anba lidèchip Jordan Herard Verdule, ki te pote sipò nan mouvman sa a. Sepandan, li klè sou yon pwen: nouvo ajan egzekitif enterimè yo pa dwe pran konfyans sa a kòm yon kat blanch.

Pou fini, lidè Fòs Nou ak alye yo mande popilasyon Pòdpè a pou kolabore ak nouvo otorite yo nan enterè devlopman komin nan. Men an menm tan, li egzije pou lajistis pran responsabilite li kont ansyen majistra Josué Alusma pou tout sa li konsidere kòm deriv ak move zak ki fèt pandan manda li. Daprè li, san rann kont, pap janm gen vrè chanjman ni konfyans nan jesyon piblik nan vil Pòdpè.

Share:

Leave a reply