Komite Rara Chen’n Tamaren nan Tigwav, prezante bilan 5 week-end rara pase yo.

03 – 27 – 2026
Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Prezidant komite rara Chen’n Tamaren an, mèt Merisma Dorotie ak tout ekip li, bay yon konferans pou laprès nan demanbre yo, nan Tiginen Tigwav jedi 26 mas 2026 lan.
Objektif konferans lan, selon prezidant komite a, madam Dorotie, se pou prezante bilan 5 week-end rara ki pase yo. Pou 5 week-end rara pase yo, bilan mèt beton an, se zewo blese epi zewo mò. Li fè konnen, se travay komite egzekitif Chen’n Tamaren mete kanpe, ki arive sekirize moun vin danse rara a.
Prezidant komite a pwofite salye kouraj enstitisyon lapolis ak lajistis, li di ki toujou prezan pandan tout pakou yo nan rara Tigwav; yon jès ki bayo plis asirans ak konfyans sou estabilite ak sekirize tout moun ki vin pran plezi yo. Responsab komite a ki presize, chak week-end rara yo, batize sou non e chak non sa yo, se yon tit mizik rara Chen’n Tamaren.
a. Premye Week-end nan batize “verite a”.
b. Dezyèm week-end nan batize “siw barem atè map pase anlè”.
c. Twazyèm week-end nan batize “endepans pou tout fanm Dayiti”.
d. Katiyèm week-end nan batize, “asyèt wap niche a, se Chen’n Tamaren ki tap manje landan’n”.
e. Senkyèm week-end nan batize week-end “dyaspora yo”, yon fason pou te akeyi dyaspora yo li di ki fè anpil sakrifis pou vin danse sezon
rara 2026 la avèk yo.
Toufwa, dirijant rara Chen’n Tamaren an, mèt Dorotie Merisma mande leta ayisyen, atravè ministè Kilti ak Kominikasyon pou sipòte rara yo nan peyi a, espesyalman nan vil Tigwav.






