Gwo Rabòt pitit Rigobert Noel, pwopwiyetè Hotel Breeze Marina nan vil Pòdpè mouri nan lokalite Bèje

09/13/2026
Bèje, Ayiti_____(TRiboLAND) Nouvèl la tonbe tankou yon bonm nan vil Pòdpè, lè medya lokal yo anonse lanmò Gwo Rabòt, ki depi lanmò papa li t’ap jere Hotel Breeze Marina nan tèt kole ak lòt frè li.
Selon enfo kap layite sou rezo sosyàl yo, Rabòt te twouve l’ap benyen nan san li, anlè sou do jodi dimanch 13 septanm 2026 la, nan yon kay sispèk, nan lokalite Bèje, yon vilaj ki plase a kèlke kilomèt vil Senlwi Dinò, Nòdwès peyi Dayiti.
Nan moman li te enstale atè, plizyè endividi malentansyone ou san kè nan men te pwofite ap fè foto kò a, yon fason pou fè kolònn “views” sou rezo yo.
Kondisyon lanmò Gwo Rabòt, rete enkoni. Genyen yon pwemye vèsyon ki ta vle fè kwè ke se endividi ke yo pa arive idantifye ki vide bal sou li. Alòske, yon lòt ipotèz avanse ke se kesyon jalouzi pou yon manman fanm. Antouka, evidans yo rete flou; alòske tout apwemidi dimanch lan konsta legal yo t’ap trebiche, kò Gwo Rabòt te toujou ap benyen nan san li, 2 pye devan nan koulwa yon kay.
Nap raple papa Rabòt, ki te genyen yon tonon “Gogo”, se te yonn nan pi gwo vizyonè depatman Nòdwès te konnen pandan anviwon 40 dènye ane sila yo. Li te mouri 9 novanm 2024 nan Lapwent Dèpalmis, depatman Nòdwès peyi a.






