Plizyè sitwayen boude kou kong kont DINEPA kap simaye bòdro gwo magogo, pandan chak jou yap mòde lage nan delivwe bon sèvis

897

01-16-24

Pòdpè, Ayiti__(TRiboLAND) Sitwayen yo nan komin Pòdpè pa deside rete bwa kwaze fas ak aksyon malatchont ajan DINEPA yo kap founi fo bòdwo gwo magogo lajan ba yo, pandan yo mansyone prèske depi kèk tan se nan kouri lago yo ye pou boske ti gout dlo.

Kèk sitwayen ki tap pale nan mikwo korespondan TRiboLAND fè konnen, depi plis pase 6 mwa DINEPA prèske pa egziste nan Site Kapwa Lamò a, vwa pou li ta pwente tèt li nan kèk zòn tankou : Nan Gri-gri, Dewoulen, Latandri, Nan Demelis, Nan Aman, poun site sa yo sèlman.

Mekontan kont desizyon malatchont ajan DINEPA yo ki vle fè yo peye mwa ratman yo, sitwayen sa yo ki tap pale e ki pat vle non yo site fè konnen, si ajan yo pèsiste yo prè pou pote plent devan tribinal de Pè nan site a.

Nap raple, malgre anpil gwo magogo bò kote donatè tankou peyi Espayn, Direksyon DINEPA pou branch Nò a, pasispan voye flè ak krate santi nan delivwe sèvis dlo potab nan site Lapwa Lamò a.

Comments are closed.