“Eleksyon pa posib san sekirite”, selon divès aktè politik nan Nòdwès

07/25/2026
Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Plizyè aktè politik nan depatman Nòdwès la kontinye eksprime gwo rezèv yo sou pwosesis elektoral la. Daprè yo, okenn eleksyon serye pa ka òganize toutotan pwoblèm ensekirite a pa jwenn yon solisyon dirab. Yo kwè sekirite se premye kondisyon pou garanti patisipasyon sitwayen yo ak kredibilite eleksyon yo.
Nan yon entèvyou ak laprès, Mèt Noël Maxo deklare gouvènman defakto Alix Didier Fils-Aimé a pa gen konpetans pou òganize eleksyon nan kondisyon aktyèl yo. Li estime otorite yo pa reyini kondisyon legal ak politik ki nesesè pou mennen yon pwosesis elektoral ki lib, onèt ak transparan.
Mèt Noël Maxo kalifye lansman operasyon enskripsyon elektè yo nan depatman Nòdwès la kòm yon demagoji. Daprè li, pandan ensekirite kontinye ap domine plizyè zòn nan peyi a, otorite yo ta dwe bay priyorite ak retablisman sekirite ak estabilite avan yo lanse nenpòt pwosesis elektoral. Li mande pou tout fòs viv nan peyi a angaje yo nan yon dyalòg ki kapab kreye kondisyon pou eleksyon kredib.






