Pou kodonatè Kazèk premye seksyon Bomon an, absans lapolis ak jij depè, se andikap majè pou bon fonksyonnnan komin lan.

158
0
Share:
TRiboLAND

02- 01 – 2026

Bomon, Kasanèt, Ayiti_____(TRiboLAND ) Absans yon komisarya polis depi ane 2018 ak prezans yon sèl jij depè aktif pou Kazèk premye seksyon Kasanèt nan komin Bomon, Pierre Marqueste Dorlus, se yon andikap majè ki lakòz ensekirite jeneralize, sou tout fòm nan komin lan. Li ale pi lwen pou li di, atoufè san fwa ni lwa pa sispann touye moun sou akizasyon dyab, volè ak kadejakè ki pa chome nan fè vyolans sou fanm ak ti lèzanj.

Kazèk Pierre Marqueste Dorlus ale pi lwen pou eskplike kòman volè yo mete tèt yo ansanm pou kòche zannimo peyizan yo akoz absans otorite polisyè ak lajistis. Daprè mesye Dorlus, jij depè komin nan, mèt Anold Baptiste se yon pèsonaj ki genyen plis pase karantan nan systèm lan. Li nan nesessite retwèt leta ayisyen ki pa rann kont de gravite pwoblèm ki mete komin lan ajenou.

Se depi 2018 ke popilasyon an ap viv san prezans polisyè. Fas ak ansanm pwoblèm sila yo, kodonatè Kazèk premye seksyon Kasanèt nan komin Bomon, mande konsène yo rezoud pwoblèm kwonik sila.

Share:

Leave a reply