Dràm nan komin Bomon : Josil Fitho alyas Fanfan touye papa l Josil Louinord

332
0
Share:
TRiboLAND

Bomon, Ayiti______(TRiboLAND) Josil Fitho, alyas “Fanfan”, ki genyen trant nèf lane, touye papa l, Jozil Louinord ak kout baton e rache mete l nan yon twou nan komin Bomon zonn nan Belans. Nan deklarasyon prezime kriminèl lan bay lapolis, li fè konnen se paske papa l pat pwan swen li depi lèl te ti bebe.

Pou konnye a prezime asasen an, Josil Fitho ki te jwenn arestasyon l nan komin Bomon, ap reflechi dèyè kat miray kadavi nan sou komisarya Dichity a, annatandan lapolis defere l bay otorite jistis yo nan Jeremi pou swit legal yo.

Divès òganizasyon dwa moun nan depatman Grandans lan, tankou Inityativ Kont Maltretans ak Trafik Moun (IDETTE), mande otorite jidisyè yo nan Jeremi pou pa pwan nan pwesyon avoka kap defann move kòz yo nan aktivite grenn senk poun libere kriminèl lan.

Share:

Leave a reply