Gran Sid la pran yon lòt gro fwàp anba aktivite groudou groudou

2,960

03/24/2022

Gran Sid_____(TRiboLAND) Yon lòt fwà ankò Gran Sid la pran yon lòt gro fwàp anba aktivite latè tranble nan aprèmidi mèkredi 23 mas 2022 a. Sekous toudisman ak lakilbit yo te plis resanti nan plizyè komin depatman an e vil tankou Kay ak Jeremi vè 3:40 pm.

Echèl Richtè ki se bawomèt syantifik groudou groudou a montre yon 5.2 manifestasyon ki lakòz yon dividal kay ta andomaje. Sepandan, otorite yo pa fè eta de moun ki mouri nan yon parèy sakad.

Comments are closed.