Ajan ekzekitif enterimè komin Jeremi an, relanse travo konstriksyon mache piblik lan.

02 – 01 – 2026
Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Aprè kèk mwa silans, ajan ekzekitif enterimè komin Jeremi an, Onèl Jacinthe, reyini ak diferan patnè konsène yo pou relanse travo konstriksyon mache piblik piblik Jeremi an, ki finanse anba lobedyans Inyon Eropeyènn pou yon montan yon milyon san mil Ero.
Daprè prezidan komisyon kominal enterimè Jeremi an, genyen anpil nesesite pou kominote a benefisye yon bèl mache modènn, ki ap gengen tout enfwastrikti yo ladan l. Se yon estriktie kap respekte nòm entènasyonal yo, kote machann kosmetik, vyann, labatwa, blòk sanitè, espas pou vann rad, pwodwi alimantè pou’ n site sa yo sèlman ki figire nan kontra a ke meri a ap gengen obligasyon pou fè yo respekte.
Pou majistra Jacinthe, fòk sosyete a patisipe aktivman nan siveye bònn mach pwojè a, e nan fason fim konstriksyon an ap ekzekite travay yo; tankou eske yo dekalite, e an menmtan tou, fòk manm popilasyon an, sitou sa yo ki nan anviwonman espas mache a, libere espas yo jis pou materyèl ak anjen lou yo kapab genyen lib aksè. Konsa, sa pwal fasilite travay la mache pi vit.






