Gouvènè Eta Florid la anonse yo pral kontinye talonnen pwogram imanitè prezidan Joe Biden nan.

937


05 – 02 – 2024

Florid, Etazini_____(TRiboLAND) Gouvènè Eta Florid la, Ron DeSantis, ki pa deside bat ba pou pwogram Biden nan, anonse nan dat 01 me 2024 la, y’ap kontinye talonnen pwogram imanitè prezidan ameriken an jiskaske yo jwenn bout li.

Gouvènè a ki tap pale sou Fox News fè konnen, “nou pap bay vag paske pwogram nan monte dèyè do lalwa”, nap genyen pwosè a fòk pwogram nan kanpe”.

Konsidere pwogram imanitè Biden nan kòm yon abi pou Eta Florid, gouvènè Ron DeSantis, sèmante sèt fwa swasant disèt fwa, y’ap kontinye talonnen pwogram nan ak tout boulin jiskaske yo jwenn bout li.

Comments are closed.