Agrikiltè yo nan komin Bomon ap fè fas a gro pwoblèm secherès ki fè yo mete 2 men nan tèt

64
0
Share:
TRiboLAND

07 – 30 – 2026

Bomon, Ayiti____(TRiboLAND) Nan sezon sila, divès agrikiltè, plantè, ak elvè nan komin Bomon fè konnen lapli ki pa tonbe nan rejyon an depi plis pase kat mwa genyen gro konsekans sou sektè agwikòl la; tout pwodwi yo te konn genyen abitid fè nan jaden yo, disparèt nan espas twa mwa. Sou dlo ak rivyè yo sèch, e menm zannimo nan komin Bomon ap fè fas ak gwo difikilte pou kontinye viv. Konsa, anpil tèt betay mou dezidrate, daprè revelasyon abitan ou plantè yo ki pa konnen ki sen pou yo rele.

Anpil moun ki pa sispann mete 2 men nan tèt, afiche enkyetid yo sou sa komin Bomon kapab devni si pwoblèm chanjman klimatik la kontinye ap pèsiste pandan ane 2026 la. Ajoute ak sa, konsekans sechrès la genyen enpak konsiderab nan vi ekonomik lan ki te deja alagraba; sitou plantasyon pwa nwa, yanm jòn ki se kèk pami pwodiksyon rantab nan sakèt ekonomik peyizan yo.

Fas ak moman difisil sila ki mete anpil plantè ou peyizan ajenou, anpil sitwayen solisite yon asistans agwo-idrolik e imanitè bò kote gouvènman an Alix Didier Fils Aimé a.

Share:

Leave a reply